Akò depòtasyon peyi Lafrans ak peyi Dayiti

Anpil Ayisyen kap viv Lafrans, Gwadloup, Giyan pral depòte an Ayiti

Lèt tou louvri sòti nan 3 òganizasyon: Mom, Platfòm asosyasyon fransèz ak ayisyèn (PAFHA) ak Linyon asosyasyon latinoamerikèn nan peyi Lafrans

Migran lòt bò dlo (Mom se ti non jwèt li an) se yon kolektif 13 asosyasyon fransèz ki mare tèt yo pou defann dwa migran etranje yo kap viv Gwadloup, Giyan, Màtinik, Sen Màten ak lòt ti zilè Lafrans yo. Mom vle fè sitwayen ayisyen ak òganizasyon ayisyèn ki ap travay sou kesyon sa yo konnen peyi Lafrans ap negosye yon Pak ak peyi Dayiti sou kesyon migrasyon. Pak sila rele « Akò re-admisyon » ki vle di « Akò depòtasyon ». Akò sa a pral otorize administrasyon fransèz la voye Ayisien ki pa gen viza oswa kàt residan ale toune ann Ayiti plop plop san jijman.

[retour en haut de page]

Dènye bagay ki ajoute : lendi 24 out 2009, 13:25
URL de cette page : www.gisti.org/article1677